
Sa se pa yon eleksyon tankou tout lòt yo.
Se yon desizyon sou ki sa Florida pral vin ye apre.
Moun yo santi sa. Gen yon bagay ki pa kòrèk. Sistèm nan pa mache jan li ta dwe mache a.
Epi fè kòmsi tout bagay anfòm pa pral ranje li.
Kanpay sa a pa bati sou bèl pawòl. Li bati sou moun.
Orijin diferan. Kwayans diferan. Menm konprann.
Nou kapab fè pi byen pase sa.
Epi nou pral pwouve li.
Se Yon Iniyo

Travay la, moun yo, ak batay la pou yon Florida ki mache pou tout moun.
Konvèsasyon sa a ap fèt deja.
Atravè tout Florida, moun yo ap pale. Lavi diferan. Istwa diferan. Menm kwayans ke nou kapab fè pi byen. Peze sou yon vwa epi tande li pou tèt ou.

Yon Floridyen senkyèm jenerasyon.
Yon nonm ki gen yon lafwa pwofon, David Jolly kwè ke tout moun gen dwa pou yo travay, pou yo touche yon bon salè, epi pou yo bati richès. E ke dwa yo ak diyite yo dwe pwoteje, kèlkeswa koulè po yo ni kote yo fèt epi kèlkeswa moun yo renmen, oswa sa yo adore.
David se yon ansyen Manm Kongrè, yon avoka, ak yon analis politik ke yo rekonèt nan tout peyi a. Li te lanse kandidati li pou Gouvènè nan mwa jen 2025, depi lè sa li ap vwayaje nan chak kwen eta a Florid epi li fè plizyè santèn reyinyon piblik ak fowòm kominotè ki konsantre sou fason pou amelyore ekonomi eta a.
Konnen David pi byenLi pre pou sèvi piblik la.
Gwen Graham fèt nan Miami Lakes epi li grandi nan yon fanmi ki bati sou sèvis piblik. Yon pitit ki fyè de lekòl piblik Florida epi yon manman ak twa pitit, li pase premye pati karyè li ap goumen pou pwofesè ak elèv yo, depi prezidan PTA jiska distri lekòl Leon County, nan Kongrè a li te reprezante 2yèm Distri Florida la bò kote David, kote yo te travay ansanm pou pwoteje kòt nou an epi kenbe Gòlf la pwop. Kounye a yo ap kandida kòt a kòt pou yon Florida ki mache pou tout moun.
Konnen Gwen pi byen
Sa pa yon abstrè se yon reyalite.
Pwoblem lojman, swen sante, ak pri lavi a ki ap pi chè chak jou. Se sa nou ap viv kounye a atravè tout Florida.

Kriz Ekonomik la, pou kèk fanmi li vin tounen yon bagay ki pi gwo.
Aprann plis
Yon Florida pou Tout Moun
Moun ki fè eta sa a djanm, pa ta dwe pouse sou kote.
Aprann plis
Reyalite sa a nou paka Inyore li.
Ou kapab wè li, e ou ka santi li men li pap ale poukont li.
Aprann plis
Mete Fen nan Lagè Kiltirèl yo
Nou pa kapab avanse si n ap goumen youn ak lòt.
Aprann plisFlorida ap swiv sa.
Kouvèti kanpay la atravè tout eta a.
Novanm sa a.

Sa se moman tout bagay chanje.
Istwa a pap sou yon sèl moun ki ap genyen, li ap sou Florida ki ap chwazi yon lòt direksyon. Epi montre rès peyi a sa ki posib.
Fè pati li